Touche 49 USD (anviwon 6 000 HTG) pa èdtan pandan w ap travay a distans.
Nou bezwen moun ki pale kreyòl ayisyen jan yo pale l an Ayiti epi ki byen metrize règ òtograf li. Ou ap gen pou koute odyo epi ekri egzakteman sa w tande a an kreyòl, san w pa chanje anyen nan fason moun nan pale a.
Reprezante kominote w la
Nou pran angajman pou nou ofri yon anviwònman ki jis, ki bay sipò epi ki an sante kote tout moun ka reyisi.
Travay nenpòt ki lè nan jounen an, depi w atenn objektif ou genyen pou semèn nan.
Kit ou sou yon plaj oswa lakay ou ak yon tibebe, ou ka adapte travay ou ak lavi w.
Nou kwè nan peye moun yon fason ki jis pou travay yo fè, epi w ap wè sa nan kòb ou resevwa a.
Retire lajan w fasil ak metòd ou pito a, tankou PayPal, Payoneer, Airtm, ak lòt ankò.
Li gid nou yo epi fè ti egzèsis pratik pou w ka gen plis chans pase tès yo.
Antre nan domèn AI lan kounye a, menm si w pa gen eksperyans teknik. Mete bonjan konpetans sou CV ou.
Tomasz ap travay sou pwojè CrowdGen yo depi 2021 — lè yo te rele l Appen Crowd la. Pandan ane yo, li fè plizyè kalite travay, soti nan vizit kòm kliyan mistè rive nan antrènman modèl langaj (LLM).
Li renmen fleksibilite CrowdGen ofri, ansanm ak bon sipò li jwenn nan men responsab pwojè yo.
Wi. CrowdGen se platfòm kontribitè Appen, yon konpayi ki espesyalize nan done epi ki nan lis Bous Valè Ostralyen an (Australian Securities Exchange) anba kòd APX.
Nou se youn nan lidè mondyal nan devlopman pwodwi ak sèvis ki gen rapò ak aprantisaj machin ak entèlijans atifisyèl (AI). Pandan 25 ane nou ap opere, nou rasanble plis pase yon milyon kontribitè ki patisipe nan devlopman teknoloji AI nou an.
Gras ak CrowdGen, ou ka fè plizyè kalite travay sou entènèt ki kontribye nan rechèch ak devlopman AI nan mond lan, pandan w ap touche lajan a distans.
Wi. Pwojè CrowdGen yo fèt pou ba w anpil fleksibilite. Depi w fè kantite èdtan yo mande w yo epi w bay bon kalite travay yo atann nan, ou lib pou w chwazi ki lè w ap travay. Sa fè l fasil pou w jere pwojè yo ansanm ak lòt aktivite w yo.
Lè w ap aplike pou yon pwojè, y ap mande w pou w kreye kont ou ak pwofil ou sou platfòm CrowdGen nan. Pandan w ap fè sa, ou ka chwazi metòd peman ou pito a, epi ou ka toujou chanje l nenpòt lè w vle.
Selon kote w ap viv la, ou ka gen plizyè opsyon pou w retire lajan w, tankou PayPal, Payoneer, Airtm, oswa dirèkteman sou kont labank ou.
Tanpri voye yon demann (ticket) sou platfòm sipò CrowdGen nou an, epi n ap reponn ou byen vit.